Òganizasyon san bi likratif la rekonèt pou teknoloji dezalinasyon li a ki mache ak enèji solè, ki deplwaye nan rejyon an devlopman nan mond lan ki pa gen aksè a dlo pwòp.
SAN FRANCISCO, 4 Me 2021 /PRNewswire/ — Jodi a, GivePower ranpòte gwo onè nan Prim Ide k ap Chanje Mond Fast Company pou 2021, ki rekonèt biznis, politik, pwojè ak konsèp k ap pouswiv inovasyon pou byen sosyete a ak planèt la. Teknoloji Solar Water Farm Mobi GivePower la te seleksyone kòm finalis nan kategori Pi Bon Lide k ap Chanje Mond lan pou Amerik di Nò ak nan kategori Teknoloji pou Peyi an Devlopman, epi li te resevwa yon mansyon donè nan kategori Ekselans Jeneral la.
“Nou konsantre sou deplwaye solisyon ki bay dlo ki pi dirab, pi an sante, epi pi abòdab nan mond lan pou moun ki pi bezwen li yo,” se sa Hayes Barnard, Fondatè, Prezidan, ak PDG GivePower, te deklare. “Nou onore e nou rekonesan anpil pou Fast Company rekonèt nou. Prim sa yo reprezante yon konsyantizasyon k ap grandi sou kriz dlo mondyal la ak sipò ki nesesè pou kreye solisyon inovatè ki ka sove lavi.”
GivePower, yon òganizasyon san bi likratif 501(c)(3) ki baze Ozetazini, devlope yon teknoloji dezalinasyon ak pirifikasyon dlo nan kontenè ki mache ak enèji solè, ki ka deplwaye rapidman nan rejyon atravè mond lan k ap soufri akòz mank dlo pwòp. GivePower pwodui de modèl Solar Water Farm: Max ak Mobi. Chak Max kapab transfòme jiska 70,000 lit dlo sale chak jou an dlo pwòp ak an sante, sa ki ase dlo pou bwè pou jiska 35,000 moun pa jou. Mobi GivePower la se yon inite ki pi piti e ki pi mobil, ki pi rapid pou deplwaye epi ki ka pwodui ase dlo potab pou jiska 3,000 moun pa jou. Nouvo modèl Mobi+ la, ki fèt pou pirifye dlo sale, sèvi jiska 7,500 moun pa jou. Fèm Dlo Solè sa yo ka fonksyone 24 sou 24, yo itilize teknoloji solè ak depo batri. Avèk nouvo sous dlo pwòp, dirab sa a, kominote yo wè yon gwo bès nan maladi ki soti nan dlo, epi yo vin gen plis opòtinite sou plan sante ak ekonomik.
Kounye a, GivePower gen sistèm Solar Water Farm Max ki an fonksyon nan Kiunga, Kenya; Likoni, Kenya; ak La Gonave, Ayiti. Fondasyon an gen uit lòt sit an devlopman, ki gen ladan plizyè inite Mobi ak Mobi+, ki pral fini anvan fen ane 2021.
“Rekonesans sa a nan Pri Ide k ap Chanje Mond lan ankouraje plis detèminasyon nou pou bay moun ki nan bezwen toupatou aksè ak dlo pwòp,” se sa Michele Magee, Prezidan GivePower, te di. “Solar Water Farm Max's ak Mobi's nou yo sèvi kominote bò lanmè, epi nouvo inite Mobi+ nou yo pral kounye a dezalinize dlo sale pou zòn andedan peyi a. Inovasyon kontinyèl se senpleman enperatif pou adrese pi gwo pwoblèm mondyal yo e nou kontan asosye ak moun ki onore nan prim sa yo.”
Kounye a nan senkyèm ane li, Pri pou Ide k ap Chanje Mond lan prezante 33 gayan, plis pase 400 finalis, ak plis pase 800 mansyon onorab. Yon panèl editè ak repòtè enpòtan nan Fast Company te chwazi gayan yo ak finalis yo pami plis pase 4,000 patisipasyon nan divès kategori tankou transpò, edikasyon, manje, politik, teknoloji, ak plis ankò. Anplis de sa, plizyè nouvo kategori te ajoute, tankou Repons Pandemi, Konsepsyon Iben, ak Achitekti. Pri 2021 yo gen ladan yo patisipasyon ki soti toupatou sou latè, soti Brezil rive Danmak ak Vyetnam.
“Pa gen okenn dout ke sosyete nou an ak planèt la ap fè fas ak moman ki vrèman twoublan,” te di Stephanie Mehta, editè an chèf Fast Company. “Kidonk, li enpòtan pou rekonèt òganizasyon k ap itilize kreyativite yo, enpak yo, konsepsyon yo, kapasite pou elaji yo, ak pasyon yo pou rezoud pwoblèm sa yo.”Li atik la sou PRNewsWire]