MAKINDU, Kenya, 2 Jiyè 2024/PRNewswireGivePower, yon òganizasyon san bi likratif ki genyen prim e ki ede satisfè bezwen dlo ak elektrifikasyon nan mond lan, kontan anpil pou l selebre patenarya solid li genyen ak Silfab Solar, youn nan pi gwo manifakti modil solè yo. Depi 2020, Silfab te bay kòm don 1,955 pano solè, ki alimante pwojè nan Repiblik Demokratik Kongo (RDC), Angola, epi kounye a Kenya! Mwa pase a, Makindu Solar Water Farm Mobi+ te louvri nan Konte Makueni, Kenya, kote li bay plis pase 26 mil moun aksè ak dlo potab ki pwòp.
“Silfab Solar fyè de patenarya nou ak yon òganizasyon remakab tankou GivePower, pandan n ap fè efò pou delivre enèji pwòp ak solisyon dirab ki ka bay kominote atravè lemond plis pouvwa. Kòm yon manifakti modil solè ki dirijan, nou kontan wè enpak pozitif ak konkrè enèji solè ak kolaborasyon sa a ka genyen sou anpil lavi,” te deklare Paolo Maccario, Prezidan ak PDG Silfab Solar.
Patènarya katran sa a te kòmanse ak devlopman twa pwojè enstalasyon solè nan Lekòl Lapè Kongo ak Pak Nasyonal Garamba nan Repiblik Demokratik Kongo (RDK). Avèk sipò Congo Power ak Google, pwojè sa yo te bay kouran kolektivman pou plis pase 1,000 fwaye ak biznis, sa ki te amelyore lavi 3,982 moun. Anplis de sa, don yo te sipòte pwojè Delta Okavango a nan Angola, an patenarya ak Wild Bird Trust, lè yo te enstale pano solè ki te bay kouran pou sant kominotè lokal yo ak anviwon 900 kay nan 21 vilaj ki ozalantou yo.
“Nou trè rekonesan pou patenarya nou ak Silfab Solar,” te di Michele Magee, Prezidan GivePower. “Travay nou ansanm reflete angajman pataje nou pou pwopagasyon sous enèji renouvlab pwòp atravè lemond. Nou kontan anpil pou ede satisfè bezwen ki pi debaz kominote majinalize yo ak solisyon sa yo.”

Apwopo Silfab Solar
Silfab Solar se lidè Amerik di Nò nan konsepsyon, devlopman ak fabrikasyon modil PV ki gen gwo efikasite ak kalite siperyè. Silfab pwofite plis pase 40 ane eksperyans nan domèn solè ak teknoloji ki pi avanse yo pou pwodui modil solè ki gen pi gwo evalyasyon yo. Silfab opere enstalasyon dènye kri nan eta Washington ak nan Toronto, Kanada epi byento l ap fabrike selil solè ak modil PV nan Fort Mill, Kawolin disid. Chak etablisman genyen plizyè liy pwodiksyon otomatik, yon Sistèm Jesyon Kalite akredite ISO 9001:2015, ak yon fabrikasyon 'just-in-time' pou livre modil PV ki apwouve nan kad 'Buy American' yo, ki fèt espesyalman pou epi ki dedye a mache Amerik di Nò a. www.silfabsolar.com
Apwopo GivePower
GivePower® se yon òganizasyon san bi likratif 501(c)(3) ki angaje l pou l elaji benefis anviwònmantal ak sosyal enèji pwòp ak renouvlab atravè lemond. GivePower itilize teknoloji solè ak estokaj batri pou l bay sèvis esansyèl nan peyi k ap devlope yo. Òganizasyon an te ede pote enèji pwòp ak dlo pwòp bay kominote ki pa resevwa ase sèvis nan 28 peyi atravè Lafrik, Azi ak Amerik Latin. Vizite GivePower nan www.givepower.org. Swiv GivePower sou Facebook, Enstastag, Linkedin epi X.
Kontak pou Medya: Geoff Atkins, Imèl: g.atkins@silfabsolar.com , Tel: +1-905-255-2501 Ext. 737