Ekip ayisyen nan Solar Water Farm GivePower la ap dirije repons ijans ansanm ak World Hope International, Amazon, Community Organized Relief Effort, West Indies Self Help ak World Central Kitchen pou pote dlo potab pwòp bay 15,000 moun pa jou.
LA GONÂVE, Ayiti, 19 Out 2021 /PRNewswire/ — Kominote ayisyen ki te dezekate pa tranblemanntè samdi a ap resevwa dlo potab ki esansyèl nan yon efò sekou ayisyen ap dirije, ki jwenn sipò GivePower Foundation, World Hope International, Amazon, Community Organized Relief Effort (CORE), West Indies Self Help (WISH) ak World Central Kitchen. Kowalisyon an pral livre 30,000 lit dlo chak jou nan zòn ki frape pi di yo, sa k ap bay anviwon 15,000 moun ki nan bezwen dlo potab ki an sekirite.
Apre yon dezas, dlo pwòp pa sèlman esansyèl pou idratasyon, men tou pou anpeche dezyèm pwoblèm sante ki soti nan mank de asenisman ak ijyèn. Efò sekou apre tranblemanntè a te lanse pandan Gwo Tanpèt Grace te frape Ayiti ak gwo lapli ak inondasyon, sa ki te konplike repons pou dezas la, paske peyi a ap lite tou ak enstabilite politik ak pandemi kowonaviris la.
Dlo pwòp pou efò sekou ijans apre tranblemanntè a ap pwodui nan izin desalinizasyon GivePower la ki mache ak enèji solè sou zile ayisyen La Gonâve, ki rete entak e ki fonksyone. Solar Water Farm Max la te konplete nan mwa me 2020 epi li pwodui jiska 70,000 lit dlo pwòp chak jou. Se World Hope International ki te finanse sistèm nan an pati okòmansman.
“Efò sekou sa a se yon bagay ki pèsonèl anpil pou mwen, paske youn nan vil ki pi frape yo, Les Cayes, se vil natal mwen,” li te di. Getro Deliscas, Manadjè Sit Fèm Dlo Solè GivePower nan Ayiti. “Malgre sa kase kè m pou m wè Ayiti ap soufri ankò, emosyon sa a sèlman pouse m fè plis pou m ede frè ak sè ayisyen m yo. Mwen rekonesan dèske m nan yon pozisyon kote m ka pote asistans, e mwen rekonesan anvè GivePower ak patnè nou yo pou sipò yo pandan n ap aji rapid pou livre dlo enpòtan bay moun ki pi bezwen l yo.”
“Dlo pwòp se yon nesesite chak jou, e sitou nan yon sitiyasyon dezas,” te di John Lyon, PDG ak Prezidan World Hope International, ki te lanse Solar Water Farm ak GivePower nan La Gonâve ane pase. “Nou mobilize yon repons imanitè rapid apre yon lòt tranblemanntè pwisan ki frape Ayiti, gras a talan enkwayab ak travay di anplwaye lokal yo, tankou Getro. Lidèchip li se yon egzanp pafè nan misyon nou an aksyon; bay moun zouti pou rezoud gwo pwoblèm nan pwòp kominote yo.”
Avèk sipò World Hope International, CORE, WISH ak World Central Kitchen, Deliscas, ekip li a, ak yon bann volontè lokal te mete nan boutèy epi livre yon premye kantite 9,500 lit dlo bay kominote ki nan epizantre tranblemanntè 7.2 sou echèl la madi a. Donasyon Amazon an ki se 17,000 resipyan 20 lit pou World Hope International pral pèmèt livrezon chak jou yo ogmante nan jou k ap vini yo. Solar Water Farm pral kontinye satisfè bezwen dlo kominote lokal La Gonâve a anplis li ap sipòte repons pou dezas la.
Terenbòl la ofisyèlman pran lavi plis pase 2,100 moun jiskaprezan. Plis pase 12,000 moun rapòte blese e yon kantite enkoni toujou disparèt. UNICEF estime ke 1.2 milyon moun, ki gen ladan 540,000 timoun, te afekte nan yon fason oswa yon lòt pa terenbòl la. Evènman resan yo se yon gwo kou devastatè pou peyi a, ki toujou ap refè apre yon tranblemanntè mòtèl an 2010 ki te detwi kapital ayisyen an, Pòtoprens, ak plizyè lòt vil nan rejyon an.
“World Central Kitchen se yon ekip premye reponsè alimantè, nou mobilize ak ijans kounye a pou pote repa fre bay moun ki pi bezwen yo,” te di Nate Mook, PDG World Central Kitchen. “Nou rekonesan pou sipò GivePower ak World Hope International ak dlo pou kominote ayisyen an. Sitiyasyon an ap evolye rapidman e li te espesyalman difisil ak kantite pasyan ki blese k ap ogmante akoz tranblemanntè a, COVID, ak difikilte pou rasanble founiti medikal. Se yon onè pou nou sipòte epi fè pa nou.”
“Nou rekonesan anpil pou patenarya sa a ak World Hope International ak GivePower,” te di Ann Lee, PDG ak Ko-fondatè CORE. “Sa a vini nan yon moman kritik e li pral yon chanjman radikal, ki pèmèt nou deplwaye ekip rapidman sou teren pou sipòte operasyon ki sove lavi moun ki pi afekte pa kriz la. Apre plis pase yon dekad ap travay nan peyi Dayiti pou bati kominote dirab, priyorite nou se ede gouvènman ayisyen an ak òganizasyon lokal yo nan sipòte bezwen imedya pèp ayisyen an pandan n ap devlope yon plan rekiperasyon alontèm.”
Apwopo GivePower
GivePower se yon òganizasyon san bi likratif 501(c)(3) ki angaje l pou l elaji benefis anviwònmantal ak sosyal enèji pwòp ak renouvlab atravè lemond. GivePower itilize teknoloji solè ak depo batri pou l bay sèvis esansyèl nan peyi k ap devlope yo. Òganizasyon an te ede pote enèji pwòp ak dlo pwòp bay kominote ki pa resevwa ase sèvis nan plis pase 20 peyi atravè Lafrik, Azi ak Amerik Latin. Vizite GivePower nan www.givepower.org. Swiv GivePower sou Facebook, Enstastag, ak Twitter.
Apwopo World Hope International
World Hope International abòde povrete mondyal la ak solisyon dirab ki soti nan kominote yo, avèk pwogram ki ankouraje diyite epi ki kreye opòtinite ak espwa nan kominote kote l ap travay yo atravè lemond. World Hope International reponn ni a kriz ijan ni a defi sistemik, li fè patenarya ak kominote lokal yo pou mete anplas solisyon ki pi dirab epi ki respekte anviwònman an — inisyativ ki pou kominote yo epi ki santre sou vizyon yo genyen pou yon pi bon avni. Òganizasyon an fè tout sa atravè relasyon solid li genyen ak òganizasyon ki baze sou lafwa ak òganizasyon layik, legliz, gouvènman, ak moun ki pataje konpasyon li pou moun ki te majinalize, ekskli, epi yo pa t koute. Vizite www.worldhope.org pou aprann plis oswa swiv World Hope International sou Facebook, Enstastag, Twitter, ak Linkedin.
Kontak Medya
Julia Pyper
jpyper@givepower.org
Eter Hill
heather.hill@worldhope.org