GivePower ranpòte pi gwo onè a sou sèn mondyal la pou teknoloji inovatè li a ki mache ak enèji solè pou fèm dlo.

SWF_Ayiti

GivePower ranpòte pi gwo onè sou sèn mondyal la pou teknoloji inovatè li a ki mache ak enèji solè pou fèm dlo.

Teknoloji desalinasyon ki mache ak enèji solè ranpòte pri premye plas nan yon seremoni nan Doubay ki te konsantre sou solisyon pou kriz dlo mondyal la.

DUBAI, Emira Arab Ini, 05 Fev. 2020 (GLOBE NEWSWIRE) — GivePower ranpòte pi gwo onè sou sèn mondyal la, lè li resevwa Pri Mondyal Dlo Mohammed bin Rashid Al Maktoum nan pou teknoloji Solar Water Farm li a. Se Sa Ekselans Li Cheik Mohammed bin Rashid Al Maktoum, Vis Prezidan, Premye Minis ak Dirijan Doubay, ki te lanse pri a, pou ankouraje enstitisyon rechèch, moun, ak inovatè atravè lemond pou devlope solisyon dirab ak inovatè pou pwoblèm mank dlo ki itilize enèji solè. Se Fondasyon Èd Dlo Emira Arab Ini a, Suqia, ki sipèvize pri a, ki gen twa kategori prensipal: Pri pou Pwojè Inovatè, Pri pou Rechèch ak Devlopman Inovatè, ak Pri pou Endividi Inovatè. GivePower te pran premye plas pou Pri pou Ti Pwojè Inovatè.

Pou Fondatè, Prezidan, ak PDG Hayes Barnard, ki te resevwa pri sa a nan Doubay nan non GivePower, yon òganizasyon san bi likratif 501(c)(3) ki baze Ozetazini, pri sa a reprezante yon konsyantizasyon k ap grandi sou kriz dlo a nan nivo mondyal, ak sipò ki nesesè pou kreye solisyon inovatè ki ka sove lavi. Avèk èd ak sipò Fondasyon Èd Dlo Emira Arab Ini a, GivePower ap kapab kontinye deplwaye Ferm Dlo Solè pou moun ki nan yon bezwen kritik pou jwenn aksè a dlo potab pwòp. [Li tout atik la]

Desann pou tèt la